Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 His son Jehoshaphat became king in his place and strengthened himself against Israel. Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.
2 He stationed troops in all Judah's fortified cities and garrisons in the land of Judah and in the cities of Ephraim that his father Asa had captured. Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo.
3 Our Father was with Jehoshaphat, for he walked his father David's earlier ways, not seeking the Baals. SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,
4 Instead, he sought the Father his father served, obeyed his commandments, and not the practices of Israel. men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a.
5 So our Father secured the kingdom in his hand; all Judah brought gifts to Jehoshaphat, and he had great wealth and honor. Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.
6 His heart was devoted to our Father's ways; he removed the high places and Asherah poles from Judah. Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
7 In his reign's third year he sent his officials Ben-hail, Obadiah, Zechariah, Nethanel, and Micaiah to teach in Judah's cities, Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo;
8 and the Levites with them: Shemaiah, Nethaniah, Zebadiah, Asahel, Shemiramoth, Jehonathan, Adonijah, Tobijah, Tob-adonijah; and with them the priests Elishama, Jehoram. epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram.
9 They taught throughout Judah, carrying the Book of our Father's Instruction, going to all Judah's cities, teaching the people. Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10 The dread of our Father fell on all the kingdoms around Judah, so they made no war on Jehoshaphat. Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.
11 Some Philistines brought Jehoshaphat gifts and silver tribute; the Arabs brought flocks: 7,700 rams, 7,700 male goats. Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.
12 Jehoshaphat grew more and more powerful, and he built fortresses and storage cities in Judah. Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda.
13 He had large supplies in the cities of Judah, and mighty warriors in Jerusalem. Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.
14 Their enrollment by ancestral house: from Judah, commanders of thousands—Adnah the commander, with him 300,000 mighty warriors; Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj;
15 next to him was Jehohanan the commander, and with him 280,000; epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj;
16 next Amasiah son of Zichri, who volunteered for our Father, with him 200,000 mighty warriors. epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.
17 From Benjamin: Eliada, a mighty warrior, and with him 200,000 armed with bow and shield; Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans,
18 next to him Jehozabad, and with him 180,000 equipped for war. epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè.
19 These men served the king, besides those he stationed in the fortified cities throughout Judah. Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]