Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, called as an apostle of Christ Jesus by our Father's will, and Sosthenes our brother, Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou,
2 to the church of our Father in Corinth: those made holy in Christ Jesus, called to be holy, with all everywhere who call on the name of our Lord Jesus Christ—their Lord and ours. A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou.
3 Grace to you and peace from our Father and the Lord Jesus Christ. Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
4 I always thank my Father for you, because of the grace our Father gave you in Christ Jesus, Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a.
5 for in him you were enriched in every way, in all speech and all knowledge, Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans,
6 even as the testimony about Christ was confirmed among you, menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou,
7 so that you lack no gift while eagerly waiting for our Lord Jesus Christ's revealing, jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri,
8 who will also keep you steady to the end, blameless on our Lord Jesus Christ's day. ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.
9 Our Father is faithful, the one through whom you were called into deep communion with his Son, Jesus Christ our Lord. Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
10 Brothers and sisters, I urge you, by the name of our Lord Jesus Christ: all agree; let no divisions split you, but be united in one mind and one purpose. Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.
11 For Chloe's people have informed me, my brothers and sisters, that there is quarreling among you. Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou.
12 So: each of you says, "I'm with Paul," "I'm with Apollos," "I'm with Cephas," "I'm with Christ." Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.
13 Is Christ divided? Was Paul crucified for you? Or were you baptized in the name of Paul? Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul?
14 I thank our Father that I baptized none of you except Crispus and Gaius, Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus,
15 so that no one can say you were baptized in my name. pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen.
16 I also baptized Stephanas's household; beyond that, I don't know if I baptized anyone else. Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun.
17 Christ did not send me to baptize but to preach the good news—not with words of human wisdom, so the cross of Christ is not emptied of its power. Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.
18 The message of the cross is foolishness to those who are perishing, but to us being saved it is our Father's power. Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.
19 For it is written: I will destroy the wisdom of the wise, and set aside the discerning's insight. Paske sa ekri: “Mwen va detwi sajès a saj yo, e entèlijans moun save yo, mwen va mete sou kote.”
20 Where is the wise one? Where is the scholar? Where is this age's debater? Has not our Father made the world's wisdom foolish? Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli?
21 For since, in our Father's wisdom, the world did not know him through its own wisdom, he was pleased to save believers through the foolishness of what we preach. Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.
22 For Jews ask for signs and Greeks seek wisdom, Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès;
23 but we proclaim Christ crucified—a stumbling block to Jews and foolishness to Gentiles, men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli.
24 but to those called, both Jews and Greeks, Christ is the power of our Father and the wisdom of our Father. Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.
25 For the foolishness of our Father is wiser than men, and the weakness of our Father, stronger than men. Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Consider your calling, brothers and sisters: not many wise by human standards, not many powerful, not many nobly born. Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb.
27 But our Father chose the world's foolish to shame the wise, and our Father chose the world's weak to shame the strong, Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.
28 and the world's lowly, despised things our Father chose—things that are not—to nullify things that are, Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo,
29 so that no one may boast before our Father. pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.
30 From him you are in Christ Jesus, who became our wisdom from our Father—our righteousness and holiness and redemption, Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.
31 so that, as it is written, "Let the one who boasts, boast in the Lord." Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]