Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then he showed me Joshua the high priest standing before the messenger of our Father, with the Accuser at his right hand to accuse him. Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li.
2 And our Father said to the Accuser, "May he rebuke you, Accuser! May he who has chosen Jerusalem rebuke you! Is this man not a burning stick snatched from the fire?" SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
3 Now Joshua was dressed in filthy garments as he stood before the messenger. Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan.
4 He said to those standing before him, "Remove his filthy clothes." Then to Joshua: "See, I've taken your guilt away, and I'll dress you in fine robes." Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
5 Then I said, "Put a clean turban on his head." So they put it on his head and dressed him, while the messenger of our Father stood by. Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.” Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
6 Then the messenger of our Father solemnly charged Joshua: Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di:
7 "This is what the Father of heaven's armies says: If you walk in my ways and keep my requirements, you will govern my house and oversee my courts, and I will give you a place among these standing here. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.
8 Listen now, Joshua the high priest, you and your companions seated before you, for they are men who are a sign: I am about to bring my servant, the Branch. Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.
9 Look at the stone I set before Joshua: seven eyes on that one stone. I will engrave its inscription, declares the Father of heaven's armies, and I will remove this land's guilt in one day. Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou.
10 In that day, declares the Father of heaven's armies, each will invite his neighbor under his vine and under his fig tree." Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]