Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Eliphaz the Temanite answered: Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
2 "Should a wise man answer with windy knowledge and fill his belly with the east wind? Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
3 Should he argue with useless talk, with words that do no good? Èske li ta diskite ak pale initil, oswa ak pawòl ki pa gen valè?
4 But you are doing away with the fear of God and hindering meditation before God. Anverite, ou manke respè Bondye e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
5 For your sin instructs your mouth, and you choose the tongue of the crafty. Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.
6 Your own mouth condemns you, not I; your own lips testify against you. Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
7 Are you the first man ever born? Were you brought forth before the hills? “Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?
8 Have you listened in the council of God? Do you limit wisdom to yourself? Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo, oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
9 What do you know that we do not? What do you understand that is not in us as well? Kisa ou konnen ke nou pa konnen? Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
10 The gray-haired and the aged are among us, men older than your father. Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.
11 Are the comforts of God too small for you, the word spoken gently to you? Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou, menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
12 Why does your heart carry you away, and why do your eyes flash, Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa? Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
13 that you turn your spirit against God and let such words pour from your mouth? Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14 What is man, that he should be pure? What is one born of woman, that he should be righteous? Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15 Look, God puts no trust in his holy ones, and the heavens are not pure in his sight; Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yo e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
16 how much less one who is detestable and corrupt, a man who drinks injustice like water! konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!
17 I will show you; listen to me; I will tell you what I have seen, “M ap di ou, koute m byen; sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
18 what wise men have declared, not hiding what they received from their fathers, sa ke moun saj konn pale e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19 to whom alone the land was given, when no foreigner had yet come among them. A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
20 The wicked man writhes in pain all his days, through all the years in store for the ruthless. Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan, e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
21 Terrifying sounds fill his ears; in his prosperity the destroyer comes upon him. Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
22 He does not believe he will escape the darkness; he is marked for the sword. Li pa gen espwa sòti nan tenèb la. Desten li se nepe.
23 He wanders about for bread, asking, 'Where is it?' He knows a day of darkness is close at hand. Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
24 Distress and anguish terrify him; they overpower him like a king poised for battle, Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25 because he stretched out his hand against God and defied the Almighty, Paske li fin lonje men l kont Bondye e aji ak awogans kont Toupwisan an.
26 charging at him stubbornly with a thick, reinforced shield; Li kouri kou rèd sou li tèt avan avèk gwo boukliye li.
27 because he covered his face with fat and piled flesh around his waist, Paske li fin kouvri figi li ak grès li, e fè kwis li vin lou ak chè.
28 he settled in ruined cities, in houses no one should live in, ready to become heaps of rubble. Li te viv nan vil dezole yo, nan kay kote pèsòn pa ta rete yo, ki fèt pou vin dekonble nèt.
29 He will not grow rich; his wealth will not endure, nor will his possessions spread over the land. Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire; tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30 He will not escape from darkness; a flame will wither his shoots, and the breath of God's mouth will sweep him away. Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.
31 Let him not trust in emptiness, deceiving himself, for emptiness will be his reward. Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la. Sa a ta yon desepsyon; paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
32 His reward will be paid in full before his time, and his branch will not be green. Sa va vin rive avan lè li. Branch palmis li p ap vèt.
33 He will shake off his unripe grapes like a vine and drop his blossoms like an olive tree. Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, e va jete flè li kon pye oliv la.
34 For the company of the godless is barren, and fire consumes the homes of bribery. Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 They conceive trouble and give birth to evil; their womb prepares deceit." Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]