Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 46 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the word of our Father that came to Jeremiah the prophet concerning the nations. Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, konsènan nasyon yo.
2 About Egypt: against Pharaoh Neco king of Egypt's army at Carchemish by the Euphrates, which Nebuchadnezzar king of Babylon defeated in Jehoiakim son of Josiah king of Judah's fourth year. Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.
3 "Ready your shields—large and small—and advance for battle! “Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.
4 Harness the horses; mount up, you riders! Take your stations with your helmets on; polish the spears, put on the armor!' Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!
5 Why do I see it? They are terrified, falling back; their warriors are beaten down. They flee in headlong rout, never looking back—terror on every side! declares our Father. Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
6 'The swift cannot flee, nor the warrior escape. In the north, beside the Euphrates River, they stumble and fall. Pa kite sila ki pi rapid la sove ale, ni moun pwisan an chape poul li. Nan nò, akote rivyè Euphrate la, yo te glise, chape tonbe.
7 Who is this, rising like the Nile, like rivers whose waters surge?" Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?
8 Egypt rises like the Nile, like rivers whose waters surge. She says, "I will rise, I will cover the earth; I will destroy cities and those who live in them." Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”
9 Charge, you horses! Drive furiously, you chariots! Let the warriors go out—Cush and Put who grip the shield, the Ludim who grip and bend the bow. An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.
10 That day belongs to the Father of heaven's armies, a day of justice, to bring justice against his foes. The sword will devour till it is gorged, drinking its fill of their blood; for the Father of heaven's armies holds a sacrifice in the land of the north, beside the Euphrates River. Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
11 Go up to Gilead and get balm, virgin daughter of Egypt! You can pile up remedies, but there is no healing for you. Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an, O fi vyèj Égypte la! Anven nou te miltipliye remèd yo; nanpwen gerizon pou nou.
12 The nations have heard of your shame, and the earth is full of your cry; for warrior stumbles against warrior, and the two fall together. Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.
13 The word our Father spoke to Jeremiah the prophet about Nebuchadnezzar king of Babylon coming to strike Egypt's land: Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:
14 Declare it in Egypt, proclaim it in Migdol; proclaim it in Memphis and Tahpanhes. Say: "Take your stations and be ready, for the sword devours all around you." “Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
15 Why are your mighty ones swept away? They could not stand, because our Father thrust them down. Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.
16 He made many stumble; indeed, they fell over one another. They said, "Get up! Let us go back to our own people, to the land of our birth, away from the oppressing sword." Li fè anpil tonbe; anverite, yo tonbe youn kont lòt. Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou, lwen nepe a sila k ap oprime a.’
17 There they cried: "Pharaoh king of Egypt is nothing but noise; he has let the appointed time slip by." Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’
18 As surely as I live, declares the King, whose name is the Father of heaven's armies, one will come like Tabor among the mountains, like Carmel by the sea. “Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
19 Pack your bags for exile, daughter of Egypt, sitting so secure! For Memphis will become a wasteland, a ruin where no one lives. Prepare valiz ou pou egzil, O fi k ap demere an Égypte, paske Noph va devni yon dezolasyon; li va brile menm, pou l rete vid san moun ladann.
20 "Egypt is a beautiful heifer, but a stinging horsefly from the north is coming against her. “Égypte se yon gazèl byen bèl, men yon gwo mouch ap vini soti nan nò. Li fin rive.
21 Even her hired soldiers in her midst are like fattened calves; they too turn and flee together, unable to stand, for the day of their disaster has come upon them, the time of their reckoning. Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
22 Egypt hisses away like a fleeing serpent as the enemy advances in force; they come against her with axes, like woodcutters.' Son li va soti kon yon sèpan; paske tankou yon lame, yo vini, yo rive kote li ak moun k ap pote rach.
23 They will cut down her forest, declares our Father, dense though it is, for they are more numerous than locusts; they cannot be counted. “Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.
24 The daughter of Egypt will be put to shame, handed over to a people from the north." Fi Égypte la ap fè gwo wont; lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”
25 "The Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: 'I am punishing Amon god of Thebes, Pharaoh, Egypt, her gods and kings—Pharaoh and all who trust in him.' SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.
26 I will hand them to those seeking their lives—to Nebuchadnezzar king of Babylon and his officers. Later Egypt will be inhabited as before, declares our Father. Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.
27 "But you, do not be afraid, Jacob my servant; do not be dismayed, Israel. For I am going to save you from far away, and your children from the land of their captivity. Jacob will return to quiet and ease, and no one will make him afraid. Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.
28 Do not be afraid, Jacob my servant, declares your Father, for I am with you. Though I completely destroy all the nations to which I have driven you, I will not completely destroy you. I will discipline you with justice; I will not leave you entirely unpunished." O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]