Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 44 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word to Jeremiah about all the Jews living in Egypt, at Migdol, Tahpanhes, Memphis, and Pathros: Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:
2 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: You saw all the disaster I brought on Jerusalem and every city of Judah. Today they're ruins, with no one living there, “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Nou menm, nou te wè tout malè ke M te mennen sou Jérusalem ak tout vil Juda yo. Gade byen, nan jou sa a, yo fin kraze nèt e pèsòn pa rete nan yo,
3 because of the evil they did to provoke me—burning offerings, serving other gods neither they, you, nor your ancestors knew. akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.
4 Yet I sent you all my servants the prophets, again and again, saying, 'Don't do this detestable thing I hate! Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.”
5 But they did not listen or turn from their evil, from burning incense to other gods. Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo pou kite mechanste yo, pou yo pa brile sakrifis a lòt dye yo.
6 So my wrath and anger poured out, blazing through Judah's cities and Jerusalem's streets; they became the wasteland and ruin they remain today. Akoz sa, kòlè Mwen ak mekontantman Mwen te vide e te brile nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo, jiskaske yo vin detwi nèt e vin yon dezolasyon jis rive jodi a.’
7 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Why do you harm yourselves so greatly, cutting off man, woman, child, and infant from Judah, leaving yourselves no remnant? “Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.
8 "You provoke me with your handiwork, burning offerings to other gods in Egypt, where you came to live—cutting yourselves off, becoming a curse and disgrace among all nations on earth. Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?
9 Have you forgotten the evils of your ancestors, Judah's kings, their wives, your own, and your wives'—done in Judah's land and Jerusalem's streets? Èske nou fin bliye mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo.
10 To this day they haven't humbled themselves, feared, or followed my law and statutes set before you and your ancestors." Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’
11 So says the Father of heaven's armies, our Father of Israel: I set my face against you for harm, to cut off all Judah. “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.
12 "I will take Judah's remnant set on going to live in Egypt: they will all perish, falling there by sword and famine, least to greatest, dying by sword and famine, becoming a curse, a horror, a disgrace, and a mockery. Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.
13 I will punish those living in Egypt as I punished Jerusalem—by sword, famine, and plague. Epi Mwen va pini sila ki rete an peyi Égypte, kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi.
14 None of Judah's remnant who came to live in Egypt will escape or survive to return to Judah, where they long to live again—none but a few escapees will return." Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’”
15 Then all the men who knew their wives made offerings to other gods, all the women standing there—a large crowd—and all the people living in Egypt, in Pathros, answered Jeremiah: Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di:
16 "The word you spoke to us in our Father's name—we won't listen to you. “Pou mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou!
17 No—we will surely do all we vowed: make offerings to the queen of heaven, pour her drink offerings, as we did—we, our ancestors, our kings, our officials—in Judah's cities and Jerusalem's streets. Then we had plenty of food, thrived, and saw no disaster. Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè.
18 But since we stopped burning incense and pouring drink offerings to the queen of heaven, we've lacked everything and been consumed by sword and famine." Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.”
19 The women added, "When we made offerings to the queen of heaven, pouring drink offerings to her, did we make cakes shaped like her and pour drink offerings without our husbands' knowledge?" Fanm yo te pale: “Lè nou t ap brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?”
20 Then Jeremiah said to all the people, men and women, who had answered him this way. Epi Jérémie te di a tout pèp la, a mesye yo ak fanm yo—menm a tout pèp ki t ap reponn li konsa yo—e li te di:
21 "The offerings you burned in Judah's cities and Jerusalem's streets—you, your fathers, your kings, your officials, the people of the land—didn't our Father remember them? Didn't it come to mind? Pou sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li?
22 So our Father could no longer bear your evil deeds and detestable things; your land became a ruin, a horror, a curse, uninhabited, as today. Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a.
23 Because you burned offerings, sinned against our Father, and did not obey his voice or walk in his law, his statutes, and his testimonies, this disaster struck you, as it is today." Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.
24 Jeremiah said to all the people and all the women, "Hear our Father's word, all Judah in the land of Egypt. Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la,
25 This is what the Father of heaven's armies, the God of Israel, says: You and your wives spoke it with your mouths and did it with your hands: 'We will keep the vows we made—burn incense to heaven's queen and pour her drink offerings.' Keep your vows, then! Carry them out!" Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa: ‘Pou nou menm ak madanm nou, nou te pale ak bouch nou, nou te akonpli sa ak men nou, e nou te di: “Anverite, nou va akonpli ve ke nou te fè yo, pou nou brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason nou yo a li menm.” “‘Ale fè l, pou akonpli ve nou yo; e byen si, akonpli ve nou yo!’
26 "Hear our Father's word, all Judah living in Egypt's land: Look, I have sworn by my great name, says he, that no man of Judah in all Egypt's land will again call on my name, saying, 'As the Sovereign Father lives. “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”
27 Look, I'm watching over them for harm, not good. All Judah's men in Egypt will die by sword and famine till none remain. Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt.
28 Few sword-survivors will return from Egypt to Judah; then all Judah's remnant who went to Egypt to live there will know whose word stands—mine or theirs." Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’.
29 This is the sign to you, declares our Father: I will punish you in this place, so you'll know my words against you will surely come true—for harm. “‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’
30 This is what our Father says: I hand Pharaoh Hophra king of Egypt to his enemies who want him dead, as I handed Zedekiah king of Judah to Nebuchadnezzar king of Babylon, his enemy who wanted him dead.' Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]