Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezra 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When this was done, the officials came to me: "The people of Israel, the priests, and the Levites have not kept separate from the surrounding peoples with their detestable things—the Canaanites, Hittites, Perizzites, Jebusites, Ammonites, Moabites, Egyptians, and Amorites. Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo.
2 They took some of their daughters as wives for themselves and their sons, mixing the holy offspring with the surrounding peoples. And the officials and leaders led the way in this unfaithfulness." Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
3 Hearing this, I tore my garment and robe, pulled hair from my head and beard, and sat down appalled. Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt.
4 Then all who trembled at the words of Israel's God, our Father, gathered to me over the exiles' unfaithfulness, and I sat appalled until the evening offering. Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.
5 At the evening offering I rose from my humbling, with my garment and robe torn, and fell on my knees, spreading my hands to my Father, Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an.
6 and I said: "My Father, I am ashamed and disgraced to lift my face to you, my Father, for our sins have risen higher than our heads, and our guilt has grown to the heavens. Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
7 From our ancestors' days until now we have been in deep guilt, and for our sins we—our kings and priests—were handed to the kings of the lands, to the sword, captivity, plunder, and open shame on our faces, as it is today. Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.
8 But now, for a brief moment, grace has come from our Father, leaving us a remnant and giving us a firm foothold in his holy place, to brighten our eyes and grant us a little reviving in our slavery. Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.
9 We are slaves; yet our Father has not abandoned us in our slavery. He extended his covenant love to us before the kings of Persia, reviving us to raise our Father's house, repair its ruins, and give us a wall of protection in Judah and Jerusalem. Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.
10 And now, our Father, what can we say after this? For we have forsaken your commandments, “Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo,
11 which you commanded through your servants the prophets: "The land you are entering to possess is defiled by the impurity of its peoples, whose detestable practices have filled it end to end with their uncleanness. ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt ak lempite pa yo.
12 So now do not give your daughters to their sons or take their daughters for your sons, and never seek their peace or their prosperity, so you may be strong, eat the good of the land, and leave it as an inheritance to your children forever." Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’
13 After all that has come on us for our evil deeds and great guilt—even then you, our Father, held back, punishing us less than our sins deserved, and gave us a remnant like this, “Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a,
14 will we again break your commands and intermarry with peoples who do these detestable things? Would you not be angry with us until you destroyed us, leaving no remnant or survivor? konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape?
15 Our Father, God of Israel, you are righteous, for we are left a surviving remnant, as it is today. Here we are before you in our guilt, though none can stand before you because of it." O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]