Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezra 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then King Darius issued a decree, and a search was made in Babylon's archive house, where the treasures were stored. Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan.
2 A scroll was found at Ecbatana, in the fortress in Media's province, with this record written in it: Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
3 In the first year of King Cyrus, King Cyrus issued a decree: the house of God in Jerusalem is to be rebuilt, a place for sacrifices, its foundations retained, ninety feet high and ninety feet wide, Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a
4 three layers of large stones and one of timber; pay the cost from the king's treasury. avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a.
5 Also, return the gold and silver vessels of the house of God that Nebuchadnezzar took from the Jerusalem temple and brought to Babylon—bring them back to the Jerusalem temple, each to its place, and put them in the house of God. Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.
6 Now then, Tattenai governor of the province Beyond the River, Shethar-bozenai, and your fellow officials there—stay far from that place. Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.
7 Leave the work on this house of God alone; let the governor of the Jews and elders of the Jews rebuild this house of God on its site. Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an.
8 I decree this for these Jewish elders rebuilding God's house: pay their full costs from the royal treasury, from the taxes of the province Beyond the River, so the work does not stop. Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta.
9 Give the priests in Jerusalem whatever they need daily, without fail: young bulls, rams, lambs for burnt offerings to the God of heaven, and wheat, salt, wine, oil, Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke,
10 to offer sacrifices pleasing to the God of heaven, and pray for the king and his sons' life. pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.
11 I also decree: whoever alters this edict, a beam is torn from his house, he is raised up and impaled on it, and his house is turned into a rubble heap for it. Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra.
12 May the God who settled his name there overthrow any king or people who lifts a hand to change this order or destroy this house of God in Jerusalem. I, Darius, issue this order—let it be done promptly. Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!
13 Then Tattenai, governor of Beyond the River, Shethar-bozenai, and their colleagues did exactly as King Darius had ordered, promptly. Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
14 The elders of the Jews kept building and prospering through the prophecy of Haggai the prophet and Zechariah son of Iddo. They finished building by command of our Father, the God of Israel, and by decree of Cyrus, Darius, and Artaxerxes king of Persia. Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la.
15 This house was finished on the third of Adar, in the sixth year of King Darius's reign. Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar a. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.
16 Then Israel's people—priests, Levites, and the rest of the returned exiles—celebrated the dedication of this house of our Father with joy. Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.
17 For the dedication of this house of our Father they offered one hundred bulls, 200 rams, 400 lambs, and twelve male goats as a sin offering for all Israel, one per tribe. Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.
18 They installed the priests in their divisions and the Levites in their divisions for our Father's service in Jerusalem, as written in the book of Moses. Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.
19 The returned exiles kept the Passover on the fourteenth day of the first month. Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a.
20 Priests and Levites had purified themselves together, all clean. They killed the Passover lamb for all returned exiles, their brother priests, and themselves. Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm.
21 Israelites returned from exile ate it, with all who had separated themselves from the impurity of the land's nations to seek our Father, the God of Israel. Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la.
22 They kept the Feast of Unleavened Bread seven days with joy, for our Father had filled them with joy and turned the Assyrian king's heart toward them, to strengthen their hands in the work of the house of our Father, the God of Israel. Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]