Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezra 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Judah and Benjamin's enemies heard the returned exiles were building our Father a temple, Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,
2 they came to Zerubbabel and the family heads and said, "Let us build with you—we seek your God as you do, and have sacrificed to him since the days of Esarhaddon king of Assyria, who brought us up here." yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
3 But Zerubbabel, Jeshua, and Israel's other family heads said to them, "You have no part with us in building a house for our Father. We alone will build for our Father, as King Cyrus of Persia commanded us." Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
4 Then the land's people weakened Judah's people's hands, terrifying them from building. Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a.
5 They paid off advisers to work against them and undercut their plan, all through Cyrus king of Persia's reign to Darius king of Persia's reign. Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la.
6 Early in Xerxes's reign, they wrote an accusation against the residents of Judah and Jerusalem. Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
7 In Artaxerxes' reign, Bishlam, Mithredath, Tabeel, and their colleagues wrote to Artaxerxes king of Persia; the letter was written in Aramaic script and translated into the Aramaic language. Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre nan lang Amareyen.
8 Rehum the commander and Shimshai the scribe wrote a letter against Jerusalem to King Artaxerxes: Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan.
9 Rehum the commander, Shimshai the scribe, and the rest of their colleagues—the judges, officials, and administrators over the people of Erech, the Babylonians, and the people of Susa (that is, the Elamites), Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo,
10 and the other nations that great, noble Osnappar deported and settled in the city of Samaria and the rest of the province Beyond the River. ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.
11 Copy of the letter sent to him: To King Artaxerxes, from your servants, the people of the province Beyond the River. And now, Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.
12 let the king know: the Jews who came up from you to us have reached Jerusalem. They're rebuilding that rebellious, wicked city, finishing the walls and repairing the foundations. Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo.
13 The king should know: if this city is rebuilt and its walls finished, they will pay no tribute, tax, or toll, and the royal treasury will suffer loss. Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a.
14 Since we depend on the palace for our living, and it's not right for us to see the king disrespected, we send word to inform the king, Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a,
15 so that a search may be made in the records of your ancestors. In those records you will find this city rebellious, harmful to kings and provinces, stirring revolt since ancient times—destroyed for that reason. pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa.
16 We inform the king: if this city is rebuilt and its walls finished, you will have no portion in Beyond the River. Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”
17 The king replied: To Rehum the commander, Shimshai the scribe, and their colleagues in Samaria and the rest of Beyond the River: Greetings. Now then, Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: Lapè.
18 the letter you sent us has been read aloud and translated to me. Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m.
19 I ordered a search, and found this city has long risen against kings, stirring rebellion and revolt. Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann,
20 Powerful kings ruled Jerusalem, governed all Beyond the River, and received tribute, tax, and toll. ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm.
21 Now order these men to stop, so this city is not rebuilt until I command it. Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm.
22 Don't neglect this matter. Why should this threat grow and harm the interests of the kings? Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?
23 Once the copy of King Artaxerxes' letter was read to Rehum, Shimshai the scribe, and their associates, they rushed to the Jews in Jerusalem and stopped them by force and power. Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.
24 So work on the house of our Father in Jerusalem stopped and stayed stopped, until the second year of the reign of Darius king of Persia. Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]