Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 44 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then he brought me back to the sanctuary's outer gate facing east, and it was shut. Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a pòtay eksteryè sanktiyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen.
2 He said to me, "This gate stays shut. It must not be opened, and no one may enter through it, because our Father entered through it; so it stays shut. SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen.
3 Only the prince—the prince himself—may sit there to eat bread before our Father. He must enter through the gate's entrance hall, and leave the same way." Pou prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
4 Then he brought me through the north gate to the front of the temple. I looked, and the glory of our Father filled his house; and I fell facedown. Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
5 And our Father said to me, "Son of man, pay attention, look with your eyes and listen with your ears to all I tell you about the statutes and laws of my house. Note the entrance of the temple and all the exits of the sanctuary." SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a.
6 Tell the rebellious house of Israel: The Sovereign Father says: "Enough of all your detestable things, house of Israel! Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE la di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël.
7 You brought in foreigners, uncircumcised in heart and flesh, to be in my sanctuary, desecrating my house, when you offered my bread, fat, and blood. You broke my covenant by all your detestable things. Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.
8 You did not care for my holy things; you put others in charge of my sanctuary in your place. Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.”
9 The Sovereign Father says: "No foreigner, hard-hearted and uncircumcised in flesh, among all the foreigners living among Israel's people, may enter my sanctuary. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
10 But the Levites who went far from me when Israel strayed, who wandered from me after their idols, will bear their guilt. “‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.
11 They will serve in my sanctuary, overseeing the temple gates and serving inside. They will slaughter the burnt offering and sacrifice for the people, and stand ready to serve them. Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktiyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis.
12 They served the people before their idols and made Israel stumble into guilt; so I swore an oath against them, declares the Sovereign Father, and they will bear their guilt. Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.
13 They will not approach me to serve me as priests, nor come near any of my holy things or the most holy things; they will bear the shame of the detestable things they did. Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo.
14 Yet I will appoint them to oversee the temple, all its service and all done in it. Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
15 But the Levitical priests, Zadok's sons, who guarded my sanctuary when Israel strayed from me—they will come near to serve me, standing before me to offer me the fat and the blood, declares the Sovereign Father. “‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a.
16 "They will enter my sanctuary, approach my table to minister to me, and keep my requirements. Yo va antre nan sanktiyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe,n an.
17 Entering the inner court gates, they must wear linen; no wool while serving in the inner court gates and inside. “‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo.
18 They must wear linen turbans on their heads and linen undergarments at their waists, wearing nothing that makes them sweat. Moso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swè.
19 When they go out to the people in the outer court, they must take off the clothes they served in, leave them in the holy rooms, and put on other clothes, so they do not pass holiness to the people through their clothes. Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
20 They must not shave their heads or grow long hair; they are to keep their hair trimmed. “‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe.
21 No priest may drink wine when he enters the inner court. Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè divin pandan y ap antre nan lakou enteryè a.
22 They must not marry a widow or divorced woman, but only virgins of Israel's line, or a priest's widow. Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt.
23 They must teach my people the difference between holy and common, and show them how to tell unclean from clean. Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
24 In a dispute they judge by my rulings. They keep my laws and statutes at all my appointed feasts, and keep my Sabbaths holy. “‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
25 A priest must not go near a dead body and make himself unclean; but for father, mother, son, daughter, brother, or unmarried sister he may. “‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo.
26 After his cleansing, they count seven days for him. Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.
27 On the day he enters the holy place, the inner court, to serve there, he offers his sin offering, declares the Sovereign Father. Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
28 "Their inheritance is this: I am their inheritance. Give them no possession in Israel—I am their possession. “‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo.
29 They will eat the grain, sin, and guilt offerings, and everything devoted in Israel will be theirs. Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.
30 The best of all firstfruits of every kind, and every contribution you bring, will belong to the priests. Give the priests the first of your dough, so a blessing may rest on your house. Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.
31 Priests must not eat any bird or animal that died on its own or was killed by wild animals." Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]