Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
2 And you, son of man, will you judge? Will you judge the city of bloodshed? Then confront her with all her detestable things. “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.
3 Say: The Sovereign Father declares: City that sheds blood inside itself, so its time has come, and makes idols for itself, becoming unclean. Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye!
4 By the blood you shed you are guilty, and by the idols you made you are unclean. You have brought your end near, reached the end of your years. So I make you a disgrace to the nations, a mockery to every land. Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo.
5 Those near and far from you will mock you—city of unclean name, full of turmoil. Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
6 See how every prince of Israel within you uses his power to shed blood. “‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.
7 In you they scorned father and mother; in you they oppressed the foreigner; in you they wronged the orphan and the widow. Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou.
8 You have despised my holy things and desecrated my Sabbaths. Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo.
9 In you are slanderers out to shed blood; in you are those who eat at the mountain shrines and do indecent acts among you. Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd.
10 In you they sleep with their fathers' wives; in you they violate women during their menstrual impurity. Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo.
11 One commits detestable acts with his neighbor's wife; another indecently makes his daughter-in-law unclean; another violates his sister, his father's daughter. Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li.
12 In you they take bribes to shed blood; you charge interest, make excessive profit, extort unjust gain from your neighbors. And me you have forgotten, declares the Sovereign Father. Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13 Now look, I strike my hands together at the dishonest gain you have made and at the blood you have shed in your midst. “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou.
14 Will your courage hold, your hands stay strong, when I deal with you? I, your Father, have spoken and will act. Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.
15 I will scatter you among the nations, disperse you through the lands, and purge your impurity out of you. Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou.
16 Once you are made unclean before the nations, you will know that I am your Father. Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
17 Then the word of our Father came to me: Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
18 Son of man, the house of Israel has become dross to me; all of them copper, tin, iron, lead inside the furnace—dross of silver. “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan.
19 So the Sovereign Father says: Because you have all become impurities, I will gather you into Jerusalem. Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem.
20 As silver, copper, iron, lead, and tin are gathered into a furnace, and fire is blown on them to melt them, so I will gather you in my anger and wrath, deposit you there, and melt you. Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou.
21 I will gather you and blow on you with the fire of my anger, and you will melt inside it. Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li.
22 As silver melts in a furnace, so you will melt in it. Then you will know that I, your Father, poured out my wrath on you. Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
23 Again the word of our Father came to me: Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
24 Son of man, tell her: You are a land not made clean, not rained on in the day of anger. “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’
25 Her prophets plot together, a roaring lion tearing prey; they devour lives, seize treasure and valuables, and leave many widows within her. Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li.
26 Her priests violated my law and desecrated my holy things; they made no distinction between holy and common, taught no difference between unclean and clean, and hid their eyes from my Sabbaths, so I am desecrated among them. Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.
27 Her officials are wolves tearing prey, shedding blood, destroying lives for dishonest gain. Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.
28 Her prophets whitewashed this for them with false visions and lying fortune-telling, saying, "This is what God says," when our Father has not spoken. Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.
29 The people of the land practice extortion and robbery; they oppress the poor and needy and deny the foreigner justice. Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30 I searched among them for someone to build up the wall and stand before me in the breach for the land, so I would not destroy it—but found no one. “Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn.
31 So I poured out my indignation on them, consuming them with the fire of my wrath. I brought their way down on their own heads, declares the Sovereign Father. Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]