Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 "Son of man, pose a riddle and speak a parable to the house of Israel, “Fis a lòm, pwopoze yon devinèt e pale yon parabòl a lakay Israël.
3 and say, The Sovereign Father says: 'A great eagle with great wings, long feathers, and full many-colored plumage came to Lebanon and took the cedar's top. Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.
4 He cropped off the topmost of its young twigs and carried it to a land of trade; he set it in a city of merchants. Li te rache tout ti branch nan pi wo tèt li, e te pote li nan peyi komèsan yo. Li te plase li nan yon vil machann yo.
5 Then he took some of the seed of the land and planted it in fertile soil; he set it beside abundant waters to grow like a willow. “‘“Anplis, li te pran semans peyi a pou te plante li nan yon tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo. Li te plase li tankou yon pye sikren.
6 And it sprouted and became a low, spreading vine, whose branches turned toward the eagle and whose roots stayed under it. So it became a vine, put out branches, and sent out shoots. Konsa, li te boujonnen e te vin yon lyann ba ki t ap kouvri toupatou ak branch li yo ki te tounen vè li menm, men rasin li yo te rete anba l. Konsa, li te vin yon plant, li te bay boujon e li te pwodwi anpil ti branch.
7 But there was another great eagle with great wings and much plumage, and this vine bent its roots toward him and stretched out its branches toward him to draw more water from him than from the bed where it was planted. “‘“Men te gen yon lòt gwo èg ak gwo zèl ak anpil plim. Epi gade byen, lyann sa a te koube rasin li yo vè li menm e te voye branch yo deyò vè li menm soti nan tè kote li te plante a, pou l te ka wouze li.
8 It had been planted in good soil beside abundant waters, that it might grow branches and bear fruit and become a noble vine.' Li te plante nan bon tè, akote anpil dlo, pou l te ka fè anpil branch ak bay fwi, e vin yon pye rezen byen bèl.”
9 Say, This is what the Sovereign Father says: "Will it thrive? Won't he pull up its roots and strip its fruit, so all its fresh new leaves wither? No strong arm or great crowd will be needed to tear it out by the roots. “Pale, ‘Konsa di Senyè BONDYE a: “Èske li va grandi byen? Èske li pa p rache rasin li yo, e koupe fwi li, pou li fennen nèt—pou tout fèy k ap pete yo ta fennen? Epi kit se pa gwo fòs, kit se pa anpil moun, li p ap ka leve sòti nan rasin li ankò.
10 Even though it is planted, will it thrive? Will it not utterly wither when the east wind strikes it—wither away on the bed where it grew?" Gade byen, akoz li te plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo? Li va fennen sou tè a kote li te plante a?”’”
11 Then the word of our Father came to me: Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
12 "Say to the rebellious house: Don't you know what these mean? Tell them: The king of Babylon came to Jerusalem, took its king and officials, and brought them back to Babylon. “Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di yo: ‘Gade byen, wa Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone.
13 He took one of the royal offspring, made a covenant with him under oath, and carried off the land's leading men, Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a,
14 so the kingdom would be humbled and not rise again, but by keeping his covenant might survive. pou wayòm nan ta vin ba, pou l pa egzalte tèt li, men nan swiv akò L pou li ka kanpe ankò.
15 But Zedekiah rebelled against the king of Babylon, sending envoys to Egypt for horses and a large army. Will he succeed? Will the one who does this escape? Can he break the covenant and escape?' Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?
16 "As I live, declares the Sovereign Father, he will die in Babylon, where the king who made him king lives—whose oath he despised, whose covenant he broke. “‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te fè l wa, sèman a sila li te meprize a, e akò a sila li te kraze a; alò, avèk li menm,nan mitan Babylone, li va mouri.
17 'Pharaoh with his mighty army and vast forces won't help him in war, when siege ramps rise and siege walls are built to cut off many lives. Farawon ak lame pwisan li an, ak gran fòs pèp li a, p ap ede li nan lagè a, lè yo fè monte ran syèj e bati miray syèj pou koupe lavi anpil moun.
18 He despised the oath, broke the covenant; he had given his hand, yet did all this—he will not escape.' ‘Konsa, li te meprize sèman an lè l te kraze akò a e gade byen, li te fè sèman li an, men gade tout bagay li te fè. Li p ap chape.’”
19 So the Sovereign Father says: "As I live, I will bring down on his own head my oath he despised and my covenant he broke. “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Jan Mwen viv la, anverite, sèman Mwen an ke li te meprize a, ak akò Mwen an ke li te kraze a, Mwen va koze malè sou tèt li.
20 'I will spread my net over him; he will be caught in my snare. I will bring him to Babylon and judge him there for the treachery he committed against me. Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an.
21 The finest warriors in his troops will fall by the sword, and survivors scattered to every wind. Then you will know that I, your Father, have spoken.' Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’
22 This is what the Sovereign Father says: "I myself will take a sprig from the cedar's lofty top and plant it. From its topmost young twigs I will break a tender shoot and I myself will plant it on a high, towering mountain. “Senyè BONDYE a di: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va plante li. Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon mòn ki byen wo.
23 On the mountain height of Israel I will plant it, and it will put out branches and produce fruit and become a noble cedar. Under it every kind of bird will dwell, nesting in the shade of its branches. Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye sèd byen bèl. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo.
24 And all the trees of the field will know that I am the Father, who brings down the tall tree and makes the low tree grow tall, who dries up the green tree and makes the dry tree flourish. I, the Father, have spoken, and I will do it." Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]