Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Moses, "Go to Pharaoh, for I hardened his heart and his servants' hearts, to put my signs among them. Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo,
2 Tell your son and grandson how I mocked the Egyptians and set my signs among them, so you know I am your Father." epi pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
3 Moses and Aaron went to Pharaoh and said, "This is what the Father of the Hebrews says: 'How long will you refuse to humble yourself before me? Let my people go to serve me.' Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
4 For if you refuse to let my people go, tomorrow I'll bring locusts into your territory. “‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la.
5 They will cover the land's surface, hiding the ground, eat what hail left you, and eat every tree growing for you in the field. Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an.
6 They'll fill your houses, your servants', all Egyptians'—as your fathers and grandfathers never saw, from their days on earth until now." Then he turned and left Pharaoh. Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon.
7 Pharaoh's officials said, "How long will this man trap us? Let the people go, so they can serve their God. Don't you know yet Egypt is ruined?" Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”
8 Moses and Aaron were brought back to Pharaoh. "Go, serve God," he said. "But who's going?" Alò, yo te mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon. Li te di yo: “Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?”
9 Moses said, "With our young and old we'll go; sons, daughters, flocks, herds—we'll go, for we have a feast to our Father." Moïse te di: “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”
10 He said to them, "God be with you—as if I'd let you and your little ones go! See, you have evil in mind. Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou.
11 No! You men go serve God, since that's what you want." So Pharaoh drove them from his presence. Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te chase yo ale kite prezans Farawon.
12 Then our Father said to Moses, "Stretch your hand over Egypt for locusts to come up over Egypt and eat every plant of the land the hail left." Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.”
13 Moses stretched his staff over Egypt, and our Father drove an east wind across the land all day and all night; by morning it carried in the locusts. Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo.
14 Locusts came up over all Egypt, settling across its whole territory—so severe, none like them before, nor ever will be again. Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.
15 They covered the whole land's surface, darkening it, and ate every land plant, all tree fruit the hail spared—no green left on tree or field plant in all the land of Egypt. Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la.
16 So Pharaoh quickly called Moses and Aaron, saying, "I have sinned against your God and against you. Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.
17 Please forgive my sin only this once, and beg your God to remove only this death from me." Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”
18 So Moses went out from Pharaoh and pleaded with our Father. Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a.
19 Then our Father turned the wind into a very strong west wind that lifted the locusts and drove them into the Red Sea; not one locust remained in all Egypt's territory. Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout teritwa Égypte la.
20 But our Father hardened Pharaoh's heart, and he would not let the people of Israel go. Men SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale.
21 Then our Father told Moses, "Stretch out your hand toward the sky, so darkness covers the land of Egypt—darkness thick enough to feel." Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”
22 Moses stretched his hand toward the sky; thick darkness covered all the land of Egypt three days. Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou.
23 No one could see another, and no one left his place three days, but all Israelites had light in their homes. Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
24 Pharaoh called Moses and said, "Go, serve your God. Even your children may go—only leave your flocks and herds behind." Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm pitit nou yo kapab ale avèk nou.”
25 Moses said, "You must also give us sacrifices and burnt offerings to offer to our Father. Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.
26 Our livestock must go with us too—not a hoof stays behind. We'll take some to serve our Father; we won't know what we need to serve him until we arrive there." Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago k ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”
27 But our Father hardened Pharaoh's heart, and he was not willing to let them go. Men SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale.
28 Pharaoh said to him, "Leave me! Careful—don't see my face again, for the day you see my face, you die." Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”
29 Moses said, "You have spoken rightly. I will never see your face again." Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]