Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ephesians 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 And you were dead in your wrongdoing and sins, Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.
2 in which you once walked, following this world's ways, following the ruler who wields power over the air, the spirit now working among the disobedient. Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo.
3 Among them we all once lived in our flesh's desires, doing what flesh and mind craved, and were by nature children of wrath, like everyone else. Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.
4 But our Father, being rich in mercy, because of the great love with which he loved us, Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an,
5 though we were dead in our sins, made us alive together with Christ—by grace you have been saved, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
6 raised us up with him and seated us with him in the heavens in Christ Jesus, Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,
7 so that in the ages to come he might display his grace's overflowing riches in kindness toward us in Christ Jesus. pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.
8 For by grace you have been saved through faith—not your own doing; it is the gift of our Father. Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.
9 Not from works, so that no one may boast. Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.
10 We are his handiwork, created in Christ Jesus for good works our Father prepared beforehand for us to walk in them. Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
11 So remember: you Gentiles in the flesh were once called "uncircumcised" by those called "circumcised," a mark made in flesh by hand. Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm,
12 Remember that then you were without Christ, excluded from Israel's community, strangers to the covenants of promise, with no hope and without our Father in the world. sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.
13 But now in Christ Jesus, you once far off have been brought near by the blood of Christ. Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.
14 For he himself is our peace, who made the two one, tearing down in his flesh the dividing wall of hostility, Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an,
15 destroying in his flesh the law of commands and decrees, to create the two in himself into one new humanity, making peace, lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè.
16 and reconcile both to our Father in one body through the cross, thereby killing the hostility. Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.
17 He came and announced peace to you far off, and peace to those near. “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”
18 For through him we both have access in one Spirit to our Father. Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.
19 So you are no longer strangers and foreigners, but you are fellow citizens with the saints and members of our Father's household. Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a,
20 Built on the foundation of the apostles and prophets, Christ Jesus himself being the cornerstone, ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la.
21 in whom the whole structure, joined together, grows into a holy temple in the Lord, Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a.
22 in him, you also are being built together into a home for our Father in the Holy Spirit. Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]