Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The ark of our Father stayed in Philistine territory for seven months. Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa.
2 The Philistines called the priests and fortune-tellers: "What should we do with the ark of the LORD? Tell us how to send it back to its place." Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”
3 They said, "If you send back the ark of Israel's God, don't send it empty, but by all means return him a guilt offering. Then you'll be healed and know why his hand hasn't turned from you." Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
4 "What guilt offering should we return to him?" they asked. They replied, "Five gold tumors and five gold mice, matching the number of the Philistine rulers, since the same plague struck you all and your rulers." Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?” Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo.
5 "Make images of your tumors and of the mice ravaging the land; give glory to Israel's God. Maybe he'll lift his hand from you, your gods, and your land. Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou.
6 Why harden your hearts like Egypt and Pharaoh did? Didn't they, after he dealt harshly with them, finally let the people go on their way?" Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?
7 "Now get a new cart and two nursing cows never yoked. Hitch the cows to the cart, but take their calves away from them and pen them up. “Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo.
8 Take the LORD's ark, put it on the cart, and place in a box beside it the gold objects you're returning to him as a guilt offering. Then send it off. Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale.
9 Watch: if it goes up the road to its own territory, to Beth-shemesh, he brought this great disaster on us. If not, we'll know his hand didn't strike us—it was chance." Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”
10 The men did so: took two nursing cows, tied them to the cart, penned their calves at home. Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.
11 They put the ark of our Father and the box holding gold mice and images of their tumors on the cart. Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo.
12 The cows went straight toward Beth-shemesh, staying on one road, mooing, turning neither right nor left. Philistine rulers followed them to Beth-shemesh's border. Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.
13 Beth-shemesh people, harvesting wheat in the valley, looked up, saw the ark, and rejoiced to see it. Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li.
14 The cart reached Joshua's field at Beth-shemesh and stopped beside a large stone. They split the cart's wood and offered the cows as a burnt offering to our Father. Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a.
15 The Levites took down our Father's ark and the box beside it holding the gold objects, setting them on the large stone. That day Beth-shemesh's people offered burnt offerings and sacrifices to our Father. Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a.
16 The five rulers of the Philistines saw all this and returned to Ekron that same day. Lè senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a.
17 Gold tumors the Philistines returned to our Father as a guilt offering: one each for Ashdod, Gaza, Ashkelon, Gath, and Ekron. Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron;
18 The gold mice numbered all the Philistine towns of the five rulers—fortified towns and open villages alike. The large stone where they set the ark of our Father stands as a witness today in the field of Joshua of Beth-shemesh. anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la.
19 But our Father struck down some men of Beth-shemesh for looking into the ark of the covenant, killing seventy of them. The people mourned because he had struck them with so great a blow. Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak.
20 The men of Beth-shemesh said, "Who can stand before our Father, this holy God? And to whom will the ark go up away from us?" Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”
21 They sent messengers to Kiriath-jearim's people: "The Philistines returned our Father's ark. Come down, bring it up to you." Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]