Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Elijah the Tishbite, from Tishbe in Gilead, told Ahab, "As our Father, Israel's God, lives—before whom I stand—no dew or rain will fall these years except by my word." Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”
2 Then the word of our Father came to Elijah: Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di:
3 "Leave this place, turn eastward, and hide yourself by the Brook Cherith, east of the Jordan. “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an.
4 You will drink from the brook, and I have commanded the ravens to feed you there." Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.”
5 So he went and did as our Father said; he went and stayed by the Brook Cherith, east of the Jordan. Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an.
6 The ravens brought him bread and meat in the morning, and bread and meat in the evening, and he drank from the brook. Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.
7 After a while the brook dried up, because there had been no rain in the land. Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.
8 Then the word of our Father came to him: Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di:
9 "Get up, go to Zarephath near Sidon, stay there. I have ordered a widow there to feed you." “Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
10 So he went to Zarephath. At the city gate, a widow gathered sticks. He called to her, "Please bring me a little water in a jar to drink." Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
11 As she went to get it, he called, "Please bring me a piece of bread too." Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
12 She said, "As the LORD your God lives, I have no bread—only a handful of flour in a jar and a bit of oil in a jug. I'm gathering a few sticks to go in and prepare it for myself and my son, so we may eat it, then die." Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
13 Elijah said to her, "Don't be afraid. Go, do as you said. But first make me a small loaf from it, bring it to me; then make for you and your son." Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an.
14 For our Father, Israel's God, says: "The flour jar won't run out, nor the oil jug fail, until the day our Father gives rain on the land." Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
15 She went and did as Elijah said, and she, he, and her household ate for many days. Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou.
16 The flour jar didn't run out and the oil jug didn't run dry, as our Father said through Elijah. Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
17 Later the son of the woman, owner of the house, became ill. His illness grew so severe that no breath remained in him. Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li.
18 She asked Elijah, "What's between us, man of God? Did you come to remind me of my guilt and kill my son?" Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
19 "Give me your son," he said. Then he took him from her arms, carried him upstairs to his room, and laid him on his own bed. Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li.
20 He cried to our Father, "My Father, have you brought tragedy even on the widow I'm staying with, killing her son?" Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”
21 He stretched himself on the child three times and cried to our Father: "My Father, let this child's life return to him." Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
22 Our Father heard Elijah's cry, and the child's life returned to him, and he lived. SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè.
23 Elijah took the child, carried him from the upper room into the house, and gave him to his mother. "Look," Elijah said, "your son is alive." Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
24 The woman told Elijah, "Now I know you're a man of God, and the word of God in your mouth is true." Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]