Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 About the collection for the saints: do as I instructed the Galatian churches. Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.
2 On the first day of each week, each of you should set something aside, storing up as you have prospered, so no collections happen when I come. Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.
3 When I come, I'll send with letters those you approve, to carry your gift to Jerusalem. Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;
4 And if it is fitting for me to go as well, they will go with me. epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
5 I will come to you after I pass through Macedonia, for I am going through Macedonia, Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine.
6 but perhaps I'll stay with you, even spend the winter, so you can send me on my way, wherever I go. Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.
7 I don't want just a passing visit now; I hope to stay with you a while, if the Lord permits. Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.
8 But I will stay in Ephesus until Pentecost, Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la;
9 for a wide door for effective work has opened to me, and there are many adversaries. Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10 When Timothy comes, make sure he has no fear among you—he's doing the Lord's work, as I am. Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.
11 No one, then, should despise him. Send him off in peace to come to me, for I'm expecting him with the brothers. Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12 About our brother Apollos: I urged him strongly to come to you with the brothers, but he was not at all willing to come now—he'll come when he has opportunity. Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.
13 Be watchful, stand firm in the faith, be courageous, be strong. Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.
14 Let all that you do be done in love. Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
15 Now I urge you, brothers—you know Stephanas's household were Achaia's firstfruits and devoted themselves to serving the saints, Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo).
16 submit to such people, and to everyone who joins in the work and labors. Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.
17 I rejoice that Stephanas, Fortunatus, and Achaicus have come, because they made up for your absence, Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm.
18 for they refreshed my spirit and yours. Give recognition to such people. Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19 Asia's churches greet you. Aquila and Prisca, with the church in their house, greet you warmly in the Lord. Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a.
20 All the brothers greet you. Greet one another with a holy kiss. Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21 I, Paul, write this greeting with my own hand. Salitasyon de pwòp men pa m——Paul.
22 If anyone has no love for the Lord, let them be under a curse. Our Lord, come! Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!
23 The grace of the Lord Jesus be with you. Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.
24 My love be with you all in Christ Jesus. Amen. Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]