Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Some time later, Nahash king of the Ammonites died, and his son became king in his place. Alò, li te vin rive apre sa, ke Nachasch, wa a fis a Ammon yo te mouri e fis li a te devni wa nan plas li.
2 David said, "I'll show kindness to Hanun son of Nahash, since his father showed kindness to me." So David sent messengers to comfort him over his father. But when David's servants came to the land of the Ammonites, to Hanun, to comfort him, Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun.
3 Ammon's commanders told Hanun, "Does David really honor your father by sending you comforters? Haven't his servants come to you to search out, overthrow, and spy on the land?" Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?”
4 Hanun seized David's servants, shaved them, cut their garments in half at the hips, sent them away. Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale.
5 When they told David about the men, he sent messengers to meet them, since they were badly ashamed. The king said, "Stay in Jericho till your beards grow, then return." Alò, kèk moun te ale pale David konsènan afè mesye yo. Epi li te voye rankontre yo, paske mesye sa yo te byen wont. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin grandi ankò e retounen.”
6 When the Ammonites saw they'd become a stench to David, Hanun and the Ammonites sent about thirty-eight tons of silver to hire chariots and horsemen from Aram-naharaim, Aram-maacah, and Zobah. Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.
7 They hired 32,000 chariots, plus the king of Maacah and his troops, who came and camped opposite Medeba. The Ammonites gathered from their cities and came out to fight. Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay.
8 When David heard of it, he sent Joab and the whole army of fighting men. Lè David tande sa, li te voye Joab avèk tout lame, mesye pwisan yo.
9 The Ammonites marched out and lined up for battle at the city's entrance, while the kings who had come stood alone in the field. Fis a Ammon yo te vin parèt, te rale yo nan chan batay la nan antre vil la e wa ki te vini yo te la apa pou kont yo nan chan an.
10 Joab saw the battle was set against him, front and rear, so he chose Israel's best troops and lined them up against the Arameans. Alò, lè Joab te wè ke batay la te prepare kont li ni devan, ni dèyè; li te chwazi soti nan mesye pi chwazi pami tout Israël yo e yo te alinye yo kont Siryen yo.
11 He put the rest of the troops under his brother Abishai, and they lined up against the Ammonites. Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo.
12 Joab said, "If Aram overpowers me, rescue me; if Ammon overpowers you, I'll rescue you. Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò ou va ede m; men si fis a Ammon twò fò pou ou; alò, mwen va ede ou.
13 Be strong; let us fight courageously for our people and our Father's cities, and may our Father do what is good in his eyes." Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.”
14 Then Joab and the troops with him advanced to fight the Arameans, and they fled before him. Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te ale toupre batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan li.
15 Seeing Aram had fled, the Ammonites also fled before Abishai his brother and came into the city. Joab then came to Jerusalem. Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem.
16 When the Arameans saw that Israel had defeated them, they sent messengers and brought out the Arameans from beyond the Euphrates, with Shophach, commander of Hadadezer's army, at their head. Lè Siryen yo te wè ke yo te bat pa Israël, yo te voye mesaje pou te mennen fè sòti Siryen ki te lòtbò Rivyè a, avèk Schophach, chèf lame Hadarézer ki t ap dirije yo a.
17 David was told; he gathered all Israel, crossed the Jordan, came against them, and lined up for battle. David lined up for battle against the Arameans, and they fought him. Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li.
18 The Arameans fled before Israel. David killed 7,000 of their charioteers and 40,000 foot soldiers, then killed Shophach, commander of their army. Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a.
19 When Hadadezer's servants saw Israel had defeated them, they made peace with David and served him. Aram was no longer willing to help the Ammonites. Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]