Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David consulted with the commanders of thousands and of hundreds, with every leader. Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.
2 David said to Israel's whole assembly, "If it seems good to you, and if it is from our Father, let us send word far and wide to our remaining brothers in all the lands of Israel, and with them the priests and Levites in their cities and pasturelands, to gather to us. David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.
3 Let us bring the ark of our Father back to us, since we did not seek it in Saul's days." Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
4 And the whole assembly agreed to do so, for it seemed right to all the people. Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la.
5 David gathered all Israel from Shihor of Egypt to Lebo-hamath, to bring the ark of our Father from Kiriath-jearim. Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.
6 David and all Israel went up to Baalah, Kiriath-jearim in Judah, to bring up from there the ark of our Father, seated above the cherubim, where his Name is proclaimed. David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a.
7 They carried the ark of our Father on a new cart from Abinadab's house; Uzza and Ahio drove it. Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la.
8 David and all Israel celebrated before our Father with all their strength—songs, lyres, harps, tambourines, cymbals, trumpets. David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.
9 When they came to Kidon's threshing floor, Uzza reached out to grab the ark, because the oxen stumbled. Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l.
10 Then our Father's anger burned against Uzza, and he struck him down for reaching out his hand to the ark; he died there before our Father. Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.
11 David was angry that our Father burst out against Uzza, so the place is called Perez-uzza to this day. Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a.
12 David feared our Father that day, saying, "How can I bring the ark of our Father to me?" David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”
13 So David did not bring the ark to the city of David; he turned it aside to Obed-edom the Gittite's house. Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath.
14 The ark of our Father stayed with Obed-edom's household in his house three months, and our Father blessed Obed-edom's household and all he owned. Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]